Byenveni nan
New Worlds Reading!
New Worlds Reading Initiative fè efò pou amelyore alfabetizasyon pami elèv Florid yo lè li bay fanmi yo zouti pou li ak grandi lakay yo.
Resevwa jiska swasant twa (63) liv pou timoun yo anvan yo fini 5èm ane !
L ap pran sèlman 5 minit pou w fè yon demann enskripsyon (epitou, yo pa mande w bay okenn dokiman kòm prèv).

Resevwa yon pakè liv chak mwa ki adrese dirèkteman a pitit ou a oswa timoun ou responsab la, pou fè l anvi li.

Chwazi pami liv Scholastic timoun yo renmen anpil, an anglè, panyòl, kreyòl ayisyen oswa an bray.

Devlope konfyans timoun yo parapò ak lekti grasa aktivite amizan epi pratik pou kore aprantisaj yo.
Kondisyon pou w patisipe nan pwogram nan
Katreven pou san (80%) elèv nan lekòl piblik ak lekòl charter yo (lekòl piblik ki sou kontra pèfòmans) nan Florid ranpli kondisyon pou yo patisipe nan pwogram nan.
Elèv yo ranpli kondisyon pou yo patisipe nan pwogram nan si yo nan VPK rive 5èm ane, swa nan yon pwogram VPK, yon lekòl piblik, oswa yon lekòl charter (lekòl piblik ki sou kontra pèfòmans), epi yo te teste pi ba pase nivo klas yo ye a nan lekti, nan nenpòt moman depi out 2021. Pitit ou a oswa timoun ou responsab la toujou ranpli kondisyon pou l patisipe menm si nòt li yo amelyore. Lèfini pa gen okenn kondisyon parapò ak revni pou w patisipe !
Ou pa fin sèten si pitit ou a oswa timoun ou responsab la ranpli kondisyon pou l patisipe ? Fè yon demann enskripsyon kanmenm ! Menm si w pa sèten, ranpli demann enskripsyon an..
Li fasil pou aplike!
Sa pran sèlman 5 minit pou w aplike. Men kijan sa fèt:

Ranpli yon aplikasyon ak enfòmasyon pitit ou a oswa timoun ou responsab la, epitou presize nan ki lang ou pito liv yo, epi ki seri liv ou ta renmen resevwa.

Konsilte resous gratis nou yo pou tout fanmi yo la a, pandan n ap tann ekip nou an konfime si pitit ou a oswa timoun ou responsab la elijib.

Ou pral resevwa yon imel k ap fè w konnen si pitit ou a, oswa timoun ou responsab la, ranpli oswa pa ranpli kondisyon pou patisipe nan pwogram nan. Si li ranpli kondisyon pou patisipe, w ap resevwa 9 liv ak aktivite gratis k ap livre devan pòt lakay ou, jiskaske timoun nan fini 5èm ane!
Tande fanmi New Worlds Reading yo.
Prèske yon milyon timoun an Florid poko gen ladrès nan lekti ki koresponn ak nivo klas yo. Men elèv tankou Jahara ak Faustino montre kòman yon liv ka reprezante kòmansman yon gran chanjman.
90% nan fanmi New Worlds Reading yo ki te reponn sondaj ane pase a ta rekòmande pwogram nan bay yon zanmi. Koute istwa yo:



