Resous Fanmi yo
La a, w ap jwenn konsèy ak estrateji pou ede pitit ou a oswa timoun ou responsab la devlope kapasite li, e nouri lanmou li pou lekti.
Gid Lekti
Gid espesifik liv yo genyen ladan yo estrateji itil ak aktivite amizan.
Jounal Lekti
Sinyè ak aktivite amizan pou ede timoun yo ranfòse ladrès yo nan lekti ak ekriti, epi pou yo gen konfyans nan kapasite yo pou yo li.
Paspò pou vwayaje atravè lekti
Vwayaje atravè lekti! Telechaje epi enprime paspò sa a ki chaje ak ativite! Konsa, w ap ka ekri nòt sou avanti w yo!
Pou w ka telechaje paspò a, seleksyone lang ou ak klas ou. Bon vwayaj!
Magazin Highlights
Elèv ki enskri yo pral resevwa yon edisyon espesyal magazin Highlights la, pandan ete sa a! Magazin sa a plen aktivite amizan pou timoun yo ka pratike ladrès yo nan lekti, pandan tout vakans ete a.
Videyo
Videyo nou yo ofri konsèy pou moun ki responsab timoun yo pou yo patisipe nan lekti a yon fason ki apwopriye pou timoun yo.
Sant resous la gen ladan l enfòmasyon sou òganizasyon lokal, etatik ak nasyonal yo ak resous pou ede responsab timoun yo jwenn resous pou alfabetizasyon. Sant la bay resous sa yo pou rezon enfòmasyon sèlman; sa a se pa ni yon apwobasyon ni yon soutyen ki soti bò kote UF Lastinger Center for Learning oswa New Worlds Reading Initiative.
Lis Liv ak Gid Lekti yo
Nou bay enfòmasyon espesifik pou chak liv ki ekspedye pou livrezon, nan kad pwogram New Worlds Reading Initiative la. Pou yon lis konplè ki gen tout liv ki te livre depi desanm 2021, tanpri gade lis sa a. Aktivite yo toujou disponib sou sit entènèt nou an pou chak liv ki sou lis sa a. Fanmi yo ap resevwa 9 liv espesifik yo chwazi nan kòmansman chak ane.
Videyo resous yo sèlman disponib nan Angle nan moman sa a.
Early Readers
Getting Ready to Read
Great Reading Habits
Improving Reading Skills