About New Worlds Reading

New Worlds Reading Initiative se yon pwogram alfabetizasyon gratis adomisil nan Florid, pou elèv ki nan VPK (pwogram matènèl volontè) jiska 5èm ane ki elijib yo.

New Worlds Reading te siyen an lwa nan Jen 2021 kòm yon pwogram ki ede lektè Florida yo ranfòse konpetans alfabetizasyon yo, ogmante konfyans lekti, ak kreye yon lanmou pou lekti ki dire pou tout lavi.

Chak mwa pandan ane lekòl la, timoun yo ki kalifye resevwa yon liv gratis ki enterè yo, avek resous ak aktivite paran ak gadyen legal ka utilize ansanm avek timoun li. Liv ak materyèl yo se disponib nan Angle, Panyòl, Kreyòl Ayisyen, ak braille.

Pou yo kalifye, timoun yo dwe 5yèm ane ki nan VPK ki poko satisfè atant nan nivo klas yo nan lekti nan pwogram VPK Florida yo, lekòl leta yo, ak lekòl endepandan yo. Ou ka wè plis enfòmasyon sou kalifikasyon isit la.

A family of four reading "Super Fly Guy" by Tedd Arnold.

Se UF Lastinger Center for Learning ke Leta nonmen antanke administratè pwogram New Worlds Reading nan.

Vin fè konensans ak maskòt nou an !

New Worlds Reading mascot Brooks Bobcat headshot

Brooks the Bobcat (gwo chat sovaj la)

Anbasadè New Worlds Reading

Vin fè konesans ak Brooks, bonjan zanmi nou nan New Worlds Reading ! Bobcat (gwo chat sovaj) sa a toujou ap chèche pwochen liv li pral pi renmen an.


Brooks fèt epi grandi nan Florid. Li renmen fè manje, jwe foutbòl, epi chante karaoke nan machin. Manje li pi renmen se sandwich fwomaj griye epi frèz !

bracket

Scholastic

The UF Lastinger Center has partnered with ScholasticUF Lastinger Center asosye ak Scholastic, ki se yon konpayi entènasyonal ki espesyalize nan piblikasyon, edikasyon ak medya pou timoun, pou ede li jwenn epi distribye liv bonjan kalite, epi pou bay sipò operasyonèl, teknik ak pwomosyon pou pwogram nan.

UF / IFAS Extension

Books & Cooks se yon pwogram alfabetizasyon ak nitrisyon ki dire 12 semèn ki te kreye an patenarya ak UF/IFAS Extension. Fanmi New Worlds Reading nan kèk konte Florid patisipe nan sesyon edikasyon ki mete aksan sou diferan liv timoun yo, demonstrasyon pou kwit manje ak aktivite lekti.

bracket

Depatman Edikasyon Florid

Yo chwazi liv yo an kolaborasyon ak pwogram Just Read! Depatman Edikasyon Florid la ki sitiye nan biwo Florid la.

Orange Bracket

Kibeam Learning

Ekip rechèch nan UF Lastinger Center for Learning ap asosye l ak Kibeam Learning pou pilote Kibeam Wand™ ak yon sougwoup patisipan New Worlds Reading. Etid sa a ap pèmèt elabore pwogram ki favorize angajman pou lekti ak akselere pèfòmans lekti.

Nou toujou ap chèche pwofesyonèl ki gen talan pou travay avèk nou.