Kondisyon pou patisipe

80 % elèv ki nan lekòl piblik e nan lekòl charter yo (lekòl piblik ki sou kontra pèfòmans) nan Florid ranpli kondisyon pou yo patisipe. Fè yon demann enskripsyon jodi a !

Elèv yo ranpli kondisyon pou yo patisipe si yo :

Ou pa fin sèten si ou ranpli kondisyon pou w patisipe ? Fè yon demann enskripsyon kanmenm !

Anpil fanmi pa reyalize ke pitit yo oswa timoun yo responsab yo ranpli kondisyon pou yo patisipe nan pwogram nou an. Fè yon demann enskripsyon, epi n ap verifye si w ranpli kondisyon yo ! Pa enkyete w : ou pa bezwen bay okenn dokiman ni pwouve ou ranpli kondisyon pou patisipe yo. Apre chak peryòd tès, Florida Department of Education (Depatman Edikasyon Florid) voye yon lis elèv ki ranpli kondisyon yo ban nou, pa mwayen transfè fichye sekirize.

Anplis, menm si pitit ou a oswa timoun ou responsab la pa ranpli kondisyon pou l patisipe kounye a, n ap kenbe demann enskripsyon w lan nan dosye, epi n ap verifye si l ranpli kondisyon pou l patisipe chak fwa nou resevwa nouvo done nan men Eta a. Si yon timoun ki pa ranpli kondisyon yo kounye a ta vin ranpli kondisyon pou l patisipe pita, li pral otomatikman kòmanse resevwa liv ak aktivite !

New Worlds Reading mascot Brooks Bobcat hopping from stone to stone

Kèlkeswa lè w enskri a, w ap toujou resevwa tout 9 liv yo pou ane lekòl la.

Pandan premye ane ou nan pwogram nan, ou ka resevwa kèk livrezon ki gen plis pase yon liv ansanm ak aktivite, pou asire ou jwenn tout 9 liv yo pou ane sa a.

Apre premye ane w la, chak livrezon, soti nan mwa oktòb rive nan mwa jen, ap gen ladan yon liv ak yon aktivite pou aprantisaj.

Kijan nou verifye si pitit mwen an oswa timoun m responsab la ranpli kondisyon pou l patisipe ?

Ekip nou an pral konpare demann enskripsyon w lan ak dosye edikasyon pitit ou a oswa timoun ou responsab la pou verifye si l ranpli kondisyon pou l patisipe. Pwosesis sa a ka pran plizyè mwa. Mèsi anpil pou pasyans ou !

Men kèk kesyon moun konn poze souvan :

Enskri chak timoun ki ranpli kondisyon pou patisipe yo, pou w kòmanse resevwa liv lakay ou !