Live Chat Will open a new window

Elijiblite

New Worlds Reading ofri sèvis bay lektè nan Florid yo ki ap fè efò e ki elijib, sètadi ki reyini kondisyon pou benefisye pwogram nan.

Pou yo elijib, elèv yo dwe:

Kijan mwen ka konnen si pitit mwen an oswa timoun mwen responsab la poko fè pwogrè ki apwopriye pou laj li, oswa si li poko li nan nivo klas li?

  • Elèv ki nan VPK yo p ap li nan nivo klas yo si:
    • yo fè nòt ki pi ba pase 40yèm pèsantil la nan FAST Star Early Literacy/Reading (Lekti ak Ekriti/Lekti Bonè Fast Star),
    • oswa yo dispanse pou
  • Elèv ki nan klas Matènèl jiska 2yèm ane p ap li nan nivo klas yo si
    • yo fè nòt ki pi ba pase 40yèm pèsantil la nan FAST Star Early Literacy/Reading,
    • yo dispanse pou tès FAST Star Early Literacy/Reading,
    • oswa yo resevwa Sipò Entèvansyon nan Lekti Nivo 2 oswa Nivo 3 (jan distri yo rapòte sa a nan Sondaj 2 ak Sondaj 3).
  • Elèv ki nan klas 3yèm ane jiska 5yèm ane p ap li nan nivo klas yo si:
    • yo fè nòt ki pi ba pase Nivo 3 nan evalyasyon FAST yo,
    • yo pran FAA olye yo pran evalyasyon FAST yo,
    • oswa yo resevwa Sipò Entèvansyon nan Lekti Nivo 2 oswa Nivo 3 (jan distri yo rapòte sa a nan Sondaj 2 ak Sondaj 3)

Menm si pitit ou a oswa timoun ou responsab la pa ranpli kondisyon pou patisipe nan pwogram nan kounye a, fè yon demann enskripsyon kanmenm!

Pwosesis verifikasyon elijiblite

Pwosesis sa a ka pran jiska plizyè mwa. Mèsi pou pasyans ou!

Yon fwa w enskri, ou rete enskri jiska klas senkyèm ane!

Ou p ap janm bezwen aplike ankò.

Enskri chak timoun ki kalifye pou kòmanse resevwa liv lakay ou!

Scroll to Top