Kesyon yo poze souvan
KONTAKTE NOU
Voye yon imèl bay support@newworldsreading.com oswa rele nan (855) 399-1147.
Ekip sipò nou an disponib 8 A.M. ak 5:30 P.M. (Lè Zòn Lès), Lendi-Vandredi
Voye yon imèl bay new.worlds@coe.ufl.edu
Ekip nou an ap kontan ede ou!
Voye yon imèl nan new.worlds@coe.ufl.edu.
Ekip nou an ap kontan mete ou an kontak avèk pi bon reprezantan an!
KONSÈNAN PWOGRAM NAN
University of Florida Lastinger Center for Learning se administratè eta a nonmen pou New Worlds Reading Initiative la. Antanke yon depatman nan University of Florida College of Education , Lastinger Center a amelyore kalite ansèyman, aprantisaj, ak sèvis gadri a. Nan fè rechèch, devlope ak ogmante inovasyon nan edikasyon pou granmoun ak timoun, sant lan ap fè efò pou li ka mete tout moun k ap aprann yo sou yon wout siksè k ap dire pandan tout lavi yo.
New Worlds Reading Initiative te resevwa sipò nan men toulede pati ki nan Lejislati Florida a, epi yo te sadopte yon lwa nan mwa jen 2021 pou sèvi elèv lekòl piblik endepandan ak elèv lekòl endepandan nan Florida ki kalifye yo.
New Worlds Reading Initiative resevwa finansman nan men lejislati Florida a. Anplis de sa, UF Lastinger Center for Learning se yon Òganizasyon pou Finansman Bousdetid (Scholarship Funding Organization, SFO) ki anrejistre epi li aksepte kontribisyon kredi taks pou sipòte New Worlds Reading Initiative. Si w enterese fè yon don, tanpri vizite paj don nou an oswa kontakte David Bryant nan David.bryant@coe.ufl.edu.
Antanke yon enstitisyon ki nan yon inivèsite piblik, UF Lastinger Center for Learning a respekte tout règ ak règleman ki konsène sekirite enfòmasyon pèsonèl elèv yo.
Step Up for Students administre yon pwogram New Worlds Reading Scholarship apa ki ede elèv K-5 ki kalifye nan lekòl piblik endepandan (charter) ak distri patwone ki gen difikilte nan lekti.
Pwogram nan ofri responsab yo aksè nan kont epay edikasyon, ki vo $500 chak, pou peye pou ekolaj ak frè ki gen rapò ak leson patikilye a tan pasyèl, pwogram lekti ete ak apre lekòl, ak materyèl ansèyman (ki gen ladan òdinatè/laptop ak kourikoulòm ki gen rapò ak lekti oswa alfabetizasyon.)
Vizite sitwèb Step Up for Students pou aplike.
KALIFIKASYON
a. Nenpòt elèv VPK nan Florid ki pa fè pwogrè ki apwopriye pou laj li selon evalyasyon FAST yo,
b. OSWA nenpòt elèv klas K-5yèm ane nan Florid nan yon lekòl endepandan oswa distri a patwone ki poko li nan nivo klas la.
i. VPK:
1. ki poko satisfè nivo ki apwopriye pou laj yo baze sou FAST Star Early Literacy
ii. Klas K-2:
1. Fè nòt ki pi ba pase nivo klas yo jan evalyasyon FAST yo detèmine sa.
2. K ap resevwa Nivo 2 owsa Nivo 3 sipo ansèyman
iii. Klas 3-5:
1. Te fè nòt yon Nivo 1 oswa Nivo 2 nan Evalyasyon FAST ELA.
2. K ap resevwa Nivo 2 owsa Nivo 3 sipo ansèyman
Ou ka aplike bonè pou pitit ou a! Yon fwa nou resevwa done pitit ou a nan men Depatman Edikasyon oswa distri lekòl la, w ap resevwa yon imèl ki fè w konnen si pitit ou a elijib. Si pitit ou a vin elijib nenpòt ki lè anvan yo gradye klas senkyèm ane a, yo pral resevwa tout nèf liv yo pou ane lekòl sa a ak pou lavni!
Pwogram nou an konpare aplikasyon New Worlds Reading ak dosye edikatif timoun nan pou konfime ke yon elèv elijib. Pou evite reta nan enskripsyon responsab yo ta dwe mete tout non legal yon elèv (pa mete non jwèt oswa abrevyasyon) sou aplikasyon an dat nesans elèv la, nivo klas li, distri a ak lekòl la.
Wi! Ou ka soumèt yon aplikasyon pou nenpòt timoun nan Florid. Si nou resevwa done elèv ki montre pitit ou a vin elijib nenpòt ki lè anvan li gradye klas senkyèm ane a, lè sa a, n ap voye yon imèl ba ou, epi li pral kòmanse resevwa liv ak aktivite gratis pou ane sa a ak pou lavni.
APLIKASYON AK ENSKRIPSYON
Responsab yo gendwa aplike pou elèv ki kalifye yo nan https://www.newworldsreading.com/fl/ht/enrollment.html.
Apre ou fin aplike:
1. Pral gen yon peryòd datant pandan n ap verifye si pitit ou a kalifye pou New Worlds Reading baze sou dosye edikatif yo. Pwosesis sa a ka pran plizyè mwa. Ou p ap resevwa liv jiskaske verifikasyon an fini.
2. W ap resevwa yon imèl verifikasyon ki fè w konnen sitiyasyon enskripsyon pitit ou a. Apre ou resevwa yon imèl ki konfime pitit ou a kalifye, y ap kòmanse resevwa liv apre 8 semèn.
3. Pandan w ap tann yo verifye w, sèvi ak aktivite lekti gratis nou yo sou sit entènèt nou an.
Aplikasyon pou ane lekòl 2023-2024 la ouvri apati 4 jen 2023. Dat limit enskripsyon an pou ane lekòl 2023-2024 la pral 31 me 2024.
Responsab yo bay enfòmasyon sou
Nou itilize enfòmasyon sa yo pou nou konpare aplikasyon timoun nan ak dosye edikatif yo pou konfime si timoun nan kalifye pou pwogram nou an. San enfòmasyon sa a, verifikasyon ak livrezon yo pral retade. Antanke yon enstitisyon ki nan yon inivèsite piblik, UF Lastinger Center a respekte tout règ ak règleman ki konsène sekirite enfòmasyon pèsonèl elèv yo.
Si w ap chèche ajoute yon lekòl piblik endepandan oswa yon lekòl endepandan ki jwenn sipò nan men distri a nan aplikasyon pou patisipe nan pwogram nou an, tanpri voye yon imèl nan new.worlds@coe.ufl.edu avèk non lekòl ou a epi distri a. N ap ajoute li nan aplikasyon an aprè nou fin fè verifikasyon nan distri a.
KESYON ÈD SOU PWOGRAM NAN
Voye yon imèl bay support@newworldsreading.com oswa rele nan (855) 399-1147.
Ekip sipò nou an disponib ant 8 A.M. ak 5:30 P.M. (Lè Zòn Lès), Lendi-Vandredi.
Voye yon imèl bay support@newworldsreading.com oswa rele nan (855) 399-1147.
Ekip sipò nou an disponib pou ede ant 8 A.M. ak 5:30 P.M. (Lè Zòn Lès), Lendi jiska Vandredi EST.
KESYON SOU LIV
New Worlds Reading Initiative livre liv yo dirèkteman lakay elèv yo pa lapòs.
Si sikonstans tankou si w se yon sanzabri, ap migre, oswa ou depasaj mande pou yon lòt metòd livrezon, UF Lastinger Center ap travay ak lekòl la ak/oswa distri a pou idantifye yon lòt plan. Imèl new.worlds@coe.ufl.edu, epi ekip nou an ap kontan ede.
Aprè ou fin resevwa yon imèl konfimasyon ki di pitit ou a kalifye epi li byen enskri, premye livrezon liv ou a ka pran plizyè semèn pou li rive. Aprè premye livrezon ou an fin rive, livrezon yo ap kontinye fèt chak mwa jiska mwa jen.
Yo livre liv yo chak mwa. Livrezon liv pitit ou a pral kòmanse aprè nou fin verifye kalifikasyon li pou pwogram nan, epi w ap resevwa yon mesaj imèl ki konfime enskripsyon pitit ou a. Pwosesis sa a ka pran plizyè mwa. Pwogram nou an fonksyone pandan ane lekòl la, soti nan mwa oktòb pou rive jen.
Elèv ki enskri yo pral resevwa nèf liv pou chak ane lekòl, kèlkeswa mwa yo te enskri a. Kidonk, gen kèk elèv ki pral resevwa livrezon ki gen plis pase yon liv ak resous pou asire pral gen nèf (9) liv ki rive pou ane lekòl sa a.
Yo chwazi liv yo an kolaborasyon avèk biwo Just Read, Florida! nan Depatman Edikasyon Florida a, epi yo te chwazi yo nan Estanda Florida B.E.S.T. pou chak nivo klas. Yo chwazi lòt tit pou reponn ak bezwen elèv yo selon nivo lekti yo. Y ap chwazi kèk tit ki gendwa pi wo pase nivo lekti timoun nan pou responsab yo pataje ak pitit yo.
Tout liv yo chwazi an kolaborasyon ak Depatman Edikasyon Florid. N ap travay ak patnè nou an, Scholastic, pou bay fanmi yo yon varyete de liv kalite siperyè ki baze sou enterè timoun yo, nivo klas yo, ak Estanda B.E.S.T. Florid yo. Timoun yo ka chwazi liv fiksyon ak liv ki pa fiksyon nan yon gran varyete estil ak sijè pou atire enterè yo. Ou ka wè lis konplè liv nou yo isit la.
Nou gen kèk egzanp liv pou diferan nivo klas yo nou prezante sou kont rezo sosyal nou yo an Angle, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen. Kèk nan egzanp sa yo enkli Clifford the Big Red Dog, My Day With You, El autobús mágico se recicla, How Do Dinosaurs Learn to Read?, ak Ugly Cat & Pablo. Pou plis egzanp liv pwogram nou an voye bay elèv ki enskri yo, ou ka vizite Facebook, Instagram, oswa Twitter nou an!
Elèv yo ak fanmi yo ap gen opòtinite pou yo chwazi diferan seri liv ke yo ta renmen resevwa nan yon varyete kategori. Ansanm liv nou yo reprezante yon varyete sijè, pèsonaj, anviwònman, ak istwa.
Liv yo disponib an Anglè, Panyòl, Kreyòl Ayisyen, ak bray.
Nou ap travay san rete pou nou ka rann pwogram sa a disponib pou tout moun. Y ap ofri fòma liv altènatif selon jan yo disponib ak plan pou kontinye agrandisman an.
KESYON SOU LEKÒL AK DISTRI
Tanpri, kolekte non elèv la, lekòl, klas, ak done pèfòmans ki mansyone kalifikasyon an.
Tanpri, voye yon imèl bay support@newworldsreading.com oswa rele nan (855) 399-1147. Ekip sipò nou an disponib pou ede ou soti lendi jiska vandredi ant 8 A.M. ak 5:30 P.M. Lè Zòn Lès.
Tanpri itilize zouti maketing ki nan paj resous pou edikatè nou an pou:
–senaryo telefòn pou itilize avèk fanmi ki kalifye yo
–mesaj imel ak bilten pou itilize lè w ap kominike ak lekòl yo
–mesaj imel ak bilten pou lekòl yo ak pwofesè yo itilize ak fanmi yo
– bwochi pwomosyonèl
– materyèl pou rezo sosyal yo
UF Lastinger Center ap travay ak yon Kontak New Worlds Reading Initiative nan chak distri lekòl pou pataje enfòmasyon yo nan lekòl yo. Epitou, Lastinger Center pral kominike dirèkteman ak lekòl yo pou bay materyèl maketing yo, rezoud pwoblèm pwosesis aplikasyon yo, epi ede yo ka pa ka.
Tanpri kontakte nou nan new.worlds@coe.ufl.edu epi bay non lekòl la, adrès livrezon, kantite bwochi ak lang bwochi (Angle, Panyòl, Kreyòl ayisyen ak bray).
Tanpri, kontakte nou nan new.worlds@coe.ufl.edu epi nou ka verifye suivi livrezon nou an pou detèmine si yo te voye afich yo nan lekòl la. Sinon, nou pral kòmande afich yo. Si yo te voye yon kagezon, nou pral bay enfòmasyon pou suiv li pou ede lekòl la jwenn afich yo.
Kibeam
Aprann plis enfòmasyon sou Kibeam sou sit entènèt UF Lastinger Center.