Resevwa 9 liv gratis chak ane lekòl !
Katreven pou san (80%) elèv nan lekòl piblik ak lekòl charter yo (lekòl piblik ki sou kontra pèfòmans) nan Florid ranpli kondisyon pou yo patisipe nan pwogram nan.

Resevwa yon pakè liv chak mwa ki adrese dirèkteman a pitit ou a oswa timoun ou responsab la, pou fè l anvi li.

Chwazi pami liv Scholastic timoun yo renmen anpil, an anglè, panyòl, kreyòl ayisyen oswa an bray.

Devlope konfyans timoun yo parapò ak lekti grasa aktivite amizan epi pratik pou kore aprantisaj yo.
Fè demann enskripsyon an byen fasil !
Sa pran sèlman 5 minit pou w aplike. Men kijan sa fèt:

- Ranpli yon demann enskripsyon tou kout ak enfòmasyon jeneral sou ou menm ak pitit ou a oswa timoun ou responsab la. (Ou p ap bezwen okenn lòt papye anplis !)
- Chwazi ki liv ou vle resevwa ane sa a.
- Nou pral verifye si l ranpli kondisyon pou l patisipe, epi n ap fè w konnen pa imel.
Pa enkyete w : si pitit ou a oswa timoun ou responsab la pa ranpli kondisyon pou l patisipe kounye a, n ap konsève demann enskripsyon ki te fèt pou li a nan dosye li. Nou resevwa enfòmasyon sou kondisyon pou patisipe apre chak peryòd siveyans pwogrè nan men Florida Department of Education (Depatman edikasyon Florid) la. Si timoun nan vin ranpli kondisyon pou l patisipe pita, n ap fè w konnen, epi n ap kòmanse voye liv yo ba li otomatikman !
Kondisyon pou w patisipe nan pwogram nan
Elèv yo ranpli kondisyon pou yo patisipe nan pwogram nan si yo nan VPK rive 5èm ane, swa nan yon pwogram VPK, yon lekòl piblik, oswa yon lekòl charter (lekòl piblik ki sou kontra pèfòmans), epi yo te teste pi ba pase nivo klas yo ye a nan lekti, nan nenpòt moman depi out 2021. Pitit ou a oswa timoun ou responsab la toujou ranpli kondisyon pou l patisipe menm si nòt li yo amelyore. Lèfini pa gen okenn kondisyon parapò ak revni pou w patisipe !
Ou pa fin sèten si pitit ou a oswa timoun ou responsab la ranpli kondisyon pou l patisipe ? Fè yon demann enskripsyon kanmenm ! Menm si w pa sèten, ranpli demann enskripsyon an.
Tande kòmantè fanmi New Worlds Reading yo.
Katreven di pou san (90%) fanmi New Worlds Reading yo ki te patisipe nan sondaj ane pase a te rekòmande pwogram nan bay yon zanmi. Koute istwa yo :

Jahara
Jahara pa t konn pran plezi nan lekti. Men kou li te vin gen chans pou l chwazi ki liv li vle resevwa, li dekouvri pouvwa imajinasyon li ! Tout bagay chanje, imajinasyon li te pran zèl, epi kounye a, li fè lekti ak sè l la.

Faustino
A Faustino le costaba leer. No se sentía seguro y no lo disfrutaba. Después de recibir libros que le gustaban de New Worlds Reading, Faustino comenzó a disfrutar de la lectura. ¡Ahora lee en inglés y en español!





